lundi 30 novembre 2009

Seremoni omaj pou Darlène Milord



Sekretèri Deta pou Entegrasyon moun Andikape yo rann omaj, jounen jedi 26 novanm 2009 la, ak Darlène Milord ki resevwa pri Federasyon Ekès Entènasyonal, FEI (Fédération Equestre Internationale) ki chita nan vil Danmak, nan kategori "Pri FEI 2009 malgre tout defi" (Prix FEI 2009 en dépit de tous les défis).

Nan okazyon seremoni omaj la, Minis Kondisyon Fan ak dwa Fanm nan, Madam Marjory MICHEL, te felisite Darlène pou kouraj li ak detèminasyon l ki se yon fyète pou tout fanm peyi Dayiti. Nou envite w li diskou Minis la.

Se pou mwen yon gwo plezi an menm tan yon satisfaksyon pou m patisipe nan seremoni sa ki tou senp, men ki chaje ak siyifikasyon.


Nan non gouvenman nan non Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, nan non fanm peyi dayiti mwen reprezante isit la, mwen vle salye inisyativ Sekreteri Deta pou entegrasyon mounn andikape pou onore Darlene Milord, jè Fanm 21 lane ki ap viv bezwen espesyal, ki sot resevwa pri sa bò kote “federation equestre International.” ki se yon enstitisyon nan peyi Danmak ki okipel de espò monte cheval.


San nou pa tounen sou sikonstans Darlene ranpòte pri sa-a, nap senpleman souliye li soti loreya sou yon lis 1200 reprezantan lot nanchon ki te pati dèyè pri saa.


Kòm Minis Fanm mwen ta renmen adrese felisitasyonm bay loreya, bay enstitisyon ak tout lot moun ki ankadre l sou chimen reyabilitasyon l sou chimen premye viktwa sa a.


Ministè Kondisyon fanm santi li onore tou lè li wè yon fanm pote la banyè fanm ayisyen yo a letranje nan yon domen espòtif. Se yon not ankourajman pou Ministè ya ki kontinye reklame respè Dwa Fanm yo a travè patisipasyon yo nan tout sa ki ap fè nan kèlkeswa sektè aktivite a.


Nou pale de tout mounn ki ankadre Darlene milord, nap site isit la « Centre Equestre Château Blond » kote Darlène ap Resevwa fòmasyon chak jou, pou ladres yo, felisitasyon pou RANIPH ki ap bay boustè an favè devlopman moun ki gen bezwen espesyal yo, felisitasyon pou kòlèg nou nan sekreteri deta moun andikape yo ki ap pataje avèk Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm rèv yon sosyete kote tout moun respekte tout moun, tout moun patisipe. Darlene, Pòt Ministè Fanm rete tou louvri pou vin n chèche sipò moral wap bezwen nan aktivite yo.


Pou pri sa ou ranpòte a se kouronman travay Ministè Fanm donk se viktwa pa m ak Ministè a, se viktwa tout fanm nan kategori pa w la.


Felisitasyon !


Marjory MICHEL

Minis Kondisyon Fanm ak dwa Fanm

MKFDF

Mesaj Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan okazyon Jounen Entènasyonal kont vyolans sou fanm






Nan okazyon Jounen Entènasyonal kont Vyolans sou Fanm 25 novanm 2009 la, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm te òganize yon jounen sansibilizasyon ak elèv klas tèminal plizyè Lise nan Pòtoprens ak zòn avwazinant yo. Nan menm tan an, lòt seyans te òganize pou Jij yo ak manm òganizasyon fanm yo nan tout depatman peyi a. Se te okazyon pou prezante yo tout avanse ki fèt nan kad lit Leta ayisyen ap mennen pou konbat tout kalte vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi. Nou envite w li diskou Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan, Madam Marjory MICHEL.





Depi plis pase 20 lane, nan okazyon 25 novanm, gen anpil deba ak diskisyon ki te fèt toupatou nan peyi a pou pale sou yon fenomèn ki se yon tètchaje, nou vle pale de vyolans k ap fèt sou fanm. Depi nan kòmansman ane 90 yo, nan rankont ant feminis peyi nan Amerik Latin ak Karayib yo, lide pou te vin genyen yon jounen refleksyon sou vyolans sou fanm te kòmanse ap fè chemen li. Nan finisman ane 90 yo, Nasyonzini te vin adopte 25 novanm kòm jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm, yon jounen pou moun (fanm kou gason) reflechi epi diskite pou yo jwenn pi bon estrateji pou lite kont vyolans sou fanm.


Se okazyon pou nou fè chak sitwayen, chak sitwayèn sonje move konsekans vyolans sou fanm genyen sou ekilib sosyete a an jeneral, e se okazyon tou pou Leta Ayisyen fè tout moun konnen ki aksyon l ap Mennen pou elimine vyolans sou fanm.


Etid ki fèt soti lane 1996 pou rive 2007 montre kouman pwoblèm vyolans sou fanm ann Ayiti grav. Anplis de sa, Ankèt EMMUS III sou « Mòtalite, Maladi ak jan yo itilize Sèvis yo » fè konnen, genyen yon tyè nan fanm ann Ayiti ki sibi vyolans nan men mari yo, kit se vyolans fizik, sikolojik oswa emosyonèl.


· Anpil tifi sibi kadejak !


· Anpil fanm k ap travay nan administrasyon piblik la sibi tizonnay seksyèl an silans pou yo kenbe djòb yo!


· Anpil fanm pran kou, kalòt nan men gason k ap egzèse otorite yo.


· Anpil fanm ak tifi sibi kadejak sou fwontyè ayisyanodomiken an.


Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm antreprann yon seri aksyon pou konbat vyolans sou fanm, nan kad Misyon li ki se prepare politik gouvènman an pou sa ki konsènen Kondisyon Fanm. Mete sou sa, nan travay transvèsal l ap fè a, Ministè a sansibilize divès aktè nan Leta a pou yo pran kèk mezi pou respekte kò fanm ak diyite fanm nan pwogram ak politik yo.


Gen kèk pwotokòl MCFDF siyen ak plizyè Ministè pou elimine yon seri vye lide seksis, pou pwoteje fanm ki viktim vyolans yo legalman, pou ofri yo sèvis sante ak akonpayman ki nesesè dapre ka yo. Se konsa, gen kèk mezi ki pran pou prevni zak vyolans epi sanksyone zak sa yo. Nou ka site:

  • Dekrè jiyè 2005 lan ki fè Kadejak tounen yon krim (dekrè a chanje fason yo te konsidere agresyon seksyèl yo epi li elimine diskriminasyon kont fanm. Li te parèt nan nimewo 60 Jounal Ofisyèl peyi a jedi 11 out 2005) ;

  • Plan Nasyonal pou lite kont Vyolans sou Fanm (se yon plan ki te prepare nan konsètasyon ant leta ak divès òganizasyon nan sosyete sivil la. Li te valide nan mwa novanm 2005) :

  • Pwotokòl ant 3 Ministè sou sètifika medikal la ki gratis jounen jodi a (pwotokòl sa a te siyen 24 novanm 2006 ant Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF), Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ak Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) pou fanm ki sibi agresyon seksyèl ka jwenn yon sètifika medikal) ;

  • Piblikasyon yon Memorandòm MSPP 18 janvye 2007, se yon memorandòm ki oblije doktè yo bay fanm ki viktim vyolans sètifika medikal gratis ;

  • Yon Sikilè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik, sikilè sa a te parèt 8 fevriye 2007, li oblije jij yo aksepte sètifika medikal la kòm prèv fanm nan te sibi vyolans (sikilè a presize tou : nenpòt doktè kalifye k ap travay nan sant sante ak lopital prive tankou piblik k ap fonksyone sou teritwa nasyonal la ka bay fanm ki viktim vyolans yo sètifika medikal la) ;

  • Pwotokòl ant Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, ak Ministè Jistis ak Sekirite Piblik nan mwa mas 2008 pou PNH konsidere pwoblematik fanm ak gason an nan Komisarya yo, sitou nan sèvis akèy pou fanm ak tifi ki sibi vyolans;

  • Sant Ebèjeman Yvonne Hakim Rimpel MCFDF mete sou pye nan lane 2008 la pou resevwa pou yon ti bout tan fanm ak tifi ki viktim vyolans, depi yo bezwen yon refij yon ti tan apre yo fin sibi vyolans lan. N ap pwofite souliyen tou kreyasyon Konsètasyon Nasyonal kont Vyolans sou Fanm ki se yon espas ki regwoupe Leta ayisyen, òganizasyon nan sosyete sivil la ak Ajans entènasyonal yo. Misyon li se prepare politik piblik sou sa ki konsènen vyolans sou fanm epi fè yo apwouve yo ; konsète sou aksyon ki gen pou fèt yo epi kòdone yo.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm mennen aktivite tou pou prevni vyolans sou fanm. Nou ka site - kanpay kont lide ak konpòtman seksis ki pouse moun fè vyolans pandan peryòd kanaval (2007-2008), - sansibilizasyon kont lide ak konpòtman seksis nan lekòl, - aksyon pou fè respekte dwa fanm epi pwoteje fanm yo espesyalman kont agresyon seksyèl nan abri pwovizwa, lè gen katastwòf natirèl.


Sa montre angajman leta ayisyen pran pandan twa (3) dènye ane yo pou lite kont vyolans sou fanm, e angajman sa dwe mennen nou nan yon mobilizasyon nasyonal. Wi ! Nou sèten n ap rive, pliske Ministè Sante Piblik, Ministè Lajistis ak Lapolis koumanse jwenn zouti pou yo fè travay yo pi byen, pou yo akonpli devwa yo ki se pwoteje fanm ak tifi kont vyolans.


Silans lan koumanse kaba, epi jou an jou, fanm yo ap sispann kite lapèrèz anvayi yo. Kantite plent ki depoze, deja pwouve sa epi agresè yo koumanse jwenn santans yo merite. Kantite agresè tribinal kondane pandan asiz kriminèl yo nan lane 2008 la pwouve sa tou : pa egzanp, sou 15 pwosè, gen 15 kondanasyon ki bay soti mwa avril pou rive septanm 2008. Kondanasyon kriminèl ki te touye jounalis fanm Ginoue Mondésir, se youn nan ka ki pwouve avanse ki fèt nan domèn nan.


Jodi a mwen santi li enpòtan pou m di popilasyon an Leta pran responsablite li parapò ak fenomèn vyolans sou fanm nan. Sosyete ayisyèn nan dwe fè menm jan an tou. Vyolans sou fanm se yon zak ki grav ! Nou pa dwe tolere vyolans sou fanm, nou pa dwe banalize l, ni inyore l, kèlkeswa moun ki ta komèt li a!


Fanm ak gason, men nan men pou n kwape vyolans ki ap fèt sou fanm ak ti fin peyi Dayiti!


Marjory Michel

Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm