mardi 15 décembre 2009

Twazyèm asanble jeneral Asosiyasyon Fanm Limonad pou Devlopman Pwodiksyon Aagrokòl ak Atizana (AFLIDEPA)

Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm lan remet yon dizenn machin a koud ak yon moulen manba bay yon federasyon òganizasyon fanm nan komin Limonad

Minis Kondisyon fanm ak Dwa Fanm lan, Marjory Michel, patisipe nan 3è asanble jeneral Asosiyasyon Fanm Limonad pou Devlopman Pwodiksyon Agrikòl ak Atizana (AFLIDEPA), jounen dimanch 13 desanm 2010, nan Limonad (Depatman Nò).

Devan plizyè santèn fanm manm òganizasyon nan rejyon nò a, Minis Marjory Michel te pran la pawòl pou salye kouraj fanm yo li di ki pwouve ke yo kapab kreye, pwodwi epi patisipe nan devlopman ekonomik peyi a, pandan y ap chèche responsab tèt yo.

Minis Michel raple angajman Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm lan pou kontinye goumen pou fè respekte dwa yo ; yon angajman ki pral vizib nan akonpayman pou medam yo òganize yo, daprè sa Minis lan ajoute.

Nan asanble jeneral AFLIDEPA kite akonpaye ak yon fwa ekspozisyon, vizitè ak vizitèz yo te kapab admire plizyè pwodwi fanm nan limonad ak lòt zòn ki sou kote l yo reyalize.

Pou te ankouraje medam yo nan travay pwodiksyon, Minis Majory remèt yon dizèn machin a koud ak yon moulen manba ki koute senkant mil nef san senkant goud (50.950).

Aktivite jounen an ta pral bout ak yon rankont twoke pawòl ant Minis lan ak plizyè reprezantan òganizasyon fanm nan zòn lan.

Pandan brase lide sa a, manm oganizasyon yo te pale sitou de akonpayman ak fòmasyon yo bezwen. Yo mande tou pou plis fanm reprezante nan pouvwa politik la. Apre Minis Michel te fin reponn tout kesyon yo, li te raple wòl Ministè li ap dirije a ki se defann epi fè respekte dwa fanm yo nan pèmèt yo jwen swen sante, edikasyon, manje, elatriye.

Se te menm mesaj la Minis Michel te adrese bay fanm vanyan Plenn di Nò li te rann yon vizit enfòmèl. Li pwomèt pou l tounen anvan lontan pou kontinye rankont enfòmasyon sou bezwen fanm nan Nò peyi a.

Bénédict GILOT

Atache Près

Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire